Jodi a se jounen mondyal resiklay
pwopagann sou baboukèt
se pou sa
Y a va fonn solèy anndan w
depane yon latriye zetensèl
pou dekore kè tounen w
bay soupi w azil ak yon jèb flè
Y a va lejitime pousyè pye w
Ak yon pwezi lavanm metanm
Mete soufrans ou sou de ran
pou ranje chita w nan jounal
kote medizans akwoupi
Y a bay kouraj ou grad
Pou kanpe yon fyète doubkabin anndan w
separe jounen an ren pou ren
Pou leve anbago w
Selman…
Padon pa rense kè
Malè n gen mèt deja
se chak jou yon Kadejak voye n touch
W a sonje
Dwa demontab
prèch egalite se ti pas kout
diplomasi nan fo mamit
W a sonje
toujou g on tizonnay k ap folile anndan n
yon giyon k ap domestike rèl nou
Toujou g on fanm soufrans ap adopte
pla men n chaje sèkèy
Elas
Kòlè n kout
Dwadelòm pa gen pasyans
Epi sonje…
jodi a pa jou doulè frèt
jou lanmou pouse chè
Demen pyès powèm p ap pran ka n
Se jou pou n bay istwa akolad
Jou pou n wose ak rèv nou
epi aprann volonte n najeSèlman…
Sonje omaj pa pyese ren
S on blag sèk pou desann tansyon wo
Demanti m !
Chère Jessica,
excusez d’avance mon ignorance, mais de quelle langue s’agit-il ?Par ailleurs, Je découvre votre poésie et je l’aime beaucoup. Merci de partager.
Gabrielle
J’aimeAimé par 1 personne
Bonjour Gabrielle ! Merci de votre passage sur le blog, ça fait plaisir ! 🙏
Pour répondre à la question, le texte est écrit en créole.
J’aimeJ’aime
Je l’avais pressenti en le lisant en phonétique, mais n’en n’étais pas sûre. Une langue superbe !
J’aimeJ’aime
Super ! Je t’invite à découvrir en profondeur sa beauté.
J’aimeAimé par 1 personne