Gen lontan

libète kanpe lwen nou

Vyolans Kwazele n

M aprann se pa tout rèv fanm ki sosyab

M aprann

Fanm pa vwa divinò

Laj pa ban n rezon sou swaf nou

Se bras gason ki bay lavni wotè

Gen lontan

Nou pa nan enterè sosyete

Domaj

Libète pa atrapan

Dwadelòm kenbe n nan de pwent

An mòd pote m sekou

Granmesi fanm ki te janbe n

Maladrès listwa

Ki te ede n rele tribilasyon nou

Granmesi fanm ki te debride n ak vyeyès tradisyon

Depi mas pwente

Lavi ban n bon jan

Fanm tounen liy editoryal tout powèm

Tout sikatris sou do n pouse flè

Poutan diskriminasyon chèf kanbiz

fènwa kwè pou l selèb

Fòk limyè bay etensèl li do

Fòk silans nou bwè pwa

Alòske

Manti pa gen pasyans

Souvni nou jwe di

Kilè n ap konprann

Dwa moun fratènèl

Se menm risk yo ki dòlote n

Nou drive menm batman

Kilè n ap konprann fanm ak gason

Se elikibib patisyon ki akòde melodi tan an

Fwontyè ki separe n

Se lanmò ak lavi

Nou pyete jou yo ak menm rit feblès

Kilè n ap konprann

Chans yo franchi n menm jan

Tout powèm gen fòm flè