Jou nou te kontre a
zwazo nan bwa
te tounen krèy chanpwèl
pou fete desten nou
Tan an te dous tankou ti bo banben
k ap sèke foli anba tonèl inosans
M te renmen w san kite rès
san kè sote nan gòj
pi wo pase batman kè m
M te renmen w tou debraye
San m pa t konnen sou ki fwontyè
rèv nou ta ka bout
Jou nou te kontre a
zwazo nan bwa te kanpe an gadavou
Pou te salye lanati
k ap mime bri kè n
Lanmè te triye grenn sab tribòbabò
Pou bouche twou vid kò nou
Van te fè reklam sou konfyolo n
sou tout jou ki te pote sant nou
sou tout pwezi m te taye sou mezi souri w
Lanmou m pou ou
se te pi bèl kantik nan bouch zanj
s on kout bagèt ki t ap kole moso lalin
mare anba je n
s on powèm ki te bay lòt fanm kò kraze
Poutan relijyon di m akokiye santiman m
relijyon di m kò w se ma siklòn leta ap debat
S on piman zwazo k ap fè bras
nan je timoun aviyasyon
Relijyon di m se legba k ap gide pousyè pye w
nanpwen sen ki ka fè boutonye
pou madigridji nanm ou
nanpwen priyè ki ka pote komisyon souf ou
Relijyon di m pa renmen w
ou s on move kout zegwi
nan woulèt wòb limanite