Lanmò se zikòs leta nan tèt pèp

s on pye poudre k ap twouse rèv

nan kè pantalèt

pou landemen mache bwete

Tande non

lè vwèl mwen pran van

fè chak powèt met siyati

nan plan men m

chak grenn mo va sèvi tatou

sou zosman m

Pa fè fourenay sou non m

pou n pa kontraye kadav mwen

se pa yon nanm ki defèt n

Ni tou se pa zak malonèt

k ap fè flonn dèyè m

se leta k ap jwe bolewo ak souf mwen

Lage kadav mwen nan savann nan

pou fè espektak

pou leta lave je l yon dènye fwa

kite m nan savann nan

Pou tout moun k ap pase

rizibe m ak dlo je

pran pwa kadav kò m

pou ankonbre entènèt

woule m 3 fwa

Pou tout mo nan tèt mwen pèdplas

pa kite pyès jounalis mize sou non m

pou bay repòtaj bèl devan

Mwen ak moun vilajdedye abiye menm doulè

batistè n bwode ak menm koulè fil

Tanpri lò m mouri

Kite kochon defigire m

souse tout foli byennèt

k ap fè lago nan mwèl tèt mwen

pou rèv leta pran sans

Jessica Nazaire , Pwa Grate