Se nan bay pwomès vanite bourad
rèv nou pran chimen kwochi
Lavni kouri pran devan n
pou kwape chans nou
Se nan penpennen nan mizik boula
ki soti nan ren tanbou
Sikonstans lavi soule bonnanj nou
Se nan ekilibre diskou palmantè
ak aplodisman
rèl nou fonn sou lang
Se nan fè ògèy laplanch
vag fè jeretyen nan lavi n
pou twoke byennèt nou
Ta sanble pa bò isit
nanpwen moun
ki ka koupe karès leta kout je
Jessica Nazaire – Pwa grate