Lontan sa a
lavi gen gou rans
Bri bal pa revandike bonnanj mwen ankò
M s on lonbray tou zuit y ap trafike
yon kadav simityè ap evite

M pa bezwen woulib lamezon blanch
pou moulen soufrans mwen
M zonbi deja
Repiyans fè fimye anndan m
Lontan sa a
lavi se vizit doktè
M drive lanmò nan tout ri

Kouzen !
Nanpwen powèm pou anbale rèl nou
Frennen bòdèl nan palmarès nou
Fondè doulè n trase ak 2 dyalòg menm ras
Domaj
Jounal pa tanpe kri
Bwode malè malere san ranjman
Kouzen !
Toujou g on rèv k ap manje zong
Yon pwojè ki vale dlo dan l

Demen s on metafò
Yo mare nan fil alegati
Yon kòbya
k ap lanse deba

Jessica Nazaire